[Talk-ht] Rankot!!!
ALCE, Samuel Paul
alcesamuelpaul at gmail.com
Ven 8 Fév 20:45:04 GMT 2013
Bonjou tout moun,
Nan lide pou nou konprann pi byen kisa nouvo
komite ki nan tèt Cosmha ap fè, nan lide pou tout moun ka enfòme de kisa
kap fèt nan moman sa anndan kominote a, mwen menm pèsonèlman antan ke moun
kap lite anndan kominote sa depi 2 zan, mwen gen tout dwa poum ta mande
komite a ak tout moun ki enterese pou nou ta fè yo ti chita pale jou madi
kap 12 la nan Ayiti kominotè a 10 zè nan maten. Nan reyinyon sa komite a
ap gen poul di kisa ki ap fèt kounyea ak ki plan li genyen pou jou kap vini
yo.
Mwen rete kwè ke reyinyon nou yo ap sispann fèt
nan chen manje chen men yap fèt ak yon lide pou nou bati nouvo COSMHA nou
tout swete a. Si vrèman nou vle COSMHA mache mwen rete kwè ke nap reponn ak
envitasyon sa.
PS: Se pa yon reyinyon pou vin di sak fè pèsonn mal men se yon reyinyon kap
ede kontwi kominote a. Tout moun reponn emel sa pou konfime prezans ou.
--
*ALCE Samuel Paul*
Plus d'informations sur la liste de diffusion Talk-ht