[Talk-ht] IRMA ak JOSE

Rei Debreus debreus23 at gmail.com
Mer 6 Sep 12:09:47 UTC 2017


An nou prepare nou, evite neglije konsiy yo paske se yo kap bon pou nou.
On Sep 6, 2017 7:29 AM, "ALCE, Samuel Paul" <alcesamuelpaul at gmail.com>
wrote:

> Merci Fred!
>                Mezanmi youn voye je sou lot...youn lonje men bay lot... ANN
> FÈ KONBIT!
>
> On Sep 6, 2017 3:34 AM, "Fred Moine" <frmoine at gmail.com> wrote:
>
> > Siklònn #IRMA: Gwo Menas sou #Haiti Jedi-Vandredi
> >
> >
> >
> > Dapre enfomasyon ki disponib jodia Dimanch 3 Septanm, sa montre ke
> siklònn
> > IRMA ap pase sou peyi Dayiti Jedi-Vandredi kap vini la. IRMA se yon
> siklònn
> > kapral nan kategori 4. Yo menm prevwa ke li kamonte nan kategori 5.
> > Kategori 4 vle di ke li tanjou siklònn Matye ki te kraze pou 3 milya dola
> > ameriken ane pase e touye plis pase mil ayisien . Kategori 5 se kareman
> > lanfè tèlman li pralfè dega.
> >
> >
> >
> > Gade piba wap wè foto ki montre kijan siklònn IRMA pral pase sou peyi
> > dayiti. Genyen pou le moman 6 depatman ki menase: Lwès, Plato Santral,
> > Artibonite, Nòdès, Nò ak Nòdwès. Moun ki viv nan depatman sa yo dwe
> komanse
> > pran dispozisyon pou sove sakap sove e pwoteje tèt yo. Men kèk ti konsèy
> ki
> > soti nan tèt mwen ke mwen ka barou kom sitwayen jodia:
> >
> >
> >
> > 1. Ranmasse tout papye empotan ke ou genyen, kat didantite, ak de nesans
> ou
> > batistè, ak de maryaj, papye tè, paspò, kat elektoral elatrye. Mete tout
> > nan yon chache plastik e al mete yo yon kote ou konnen ke menmsi dlo
> desann
> > ou monte wo li pap ka rive jwen yo.
> >
> >
> >
> > 2. Si ou gen jaden ak bèt: Si ou genyen cheval, bourik, milèt, kochon,
> > kabrit, bèf, poul elatrye, mete yo kote ke dlo pa kapab pote yo ale. Si
> ou
> > genyen jaden e sa'w te plante a pare pito ou kouri rekòlte l e mete
> rekòlt
> > la kote dlo pa kapab pran l. Si ou rekolte deja garanti ke nan depo ke'w
> > mete rekolt sa dlo pa kapab pote li ale.
> >
> >
> >
> > 3. Si ou genyen galon, garanti ke pa pita ke Mèkredi swa ou Jedi Maten yo
> > tout plen dlo pou kapab genyen dlo pou bwè lè dlo yo finn desann. Si wal
> > bwè dlo sal apre siklònn ou ka pran maladi
> >
> >
> >
> > 4. Achte alavans ti grenn ke ou mete nan dlo pou touye bakteri kolera a.
> >
> >
> >
> > 5. Si ou rete bò ravinn, bò riviyè kote dlo kapab pote'w ale pran
> > dispozisyon ak tout fanmi'w pou kapab deplase.
> >
> >
> >
> > Pa bliye ampil lapli ap tonbe apre siklonn nan pase. Chak jou na esaye
> pote
> > lòt ti konsèy konsa. Enfomasyon sou wout siklonn nan kapab chanje. Si
> safèt
> > nanp kontinye poste enfomasyon sou sa pou ou kapab okouran de chanjman sa
> > yo. Nou sèten ke Minis konsène yo ak direksyond epatmantal yo ap pran
> tout
> > dispozisyon anvan, apre e pandan siklònn nan pou pwoteje sitwayen yo nan
> > depatman konsène yo. Sa vle di pozisyone materyèl lou ak mwayen lojistik
> > pou reponn a ijans ke siklonn sa pral kreye!
> >
> >
> > Sa nou te aprann apre matthew se ke li enpòtan pou fè konbit ak
> asosyasyon
> > lokal yo, popilasyon an. ONG yo pa enplike popilasyon an. Sou Jéremie nou
> > te gen chans pou yo gen doktè Kiben yo ki te kite bonè nan zòn mòn yo.
> > Kouraj zanmi m yo panse de frè ayisyen yo
> >
> >
> >
> > https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/ort
> > hographic=-72.12,20.47,558/
> > <https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/
> > orthographic=-72.12,20.47,558/loc=-70.667,19.455>
> > loc=-70.667,19.455
> > <https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/
> > orthographic=-72.12,20.47,558/loc=-70.667,19.455>
> >
> > http://www.nhc.noaa.gov/graphics_at1.shtml?cone#contents
> >
> > http://www.nhc.noaa.gov/graphics_at2.shtml?cone#contents
> >
> >
> > FredM
> > _______________________________________________
> > Talk-ht mailing list
> > Talk-ht at openstreetmap.org
> > https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
> > Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (
> http://translate.google.com)
> > pour traduire les messages.
> _______________________________________________
> Talk-ht mailing list
> Talk-ht at openstreetmap.org
> https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
> Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com)
> pour traduire les messages.


Plus d'informations sur la liste de diffusion Talk-ht