[Talk-ht] Espas Haiti Comunitere ouvri pòt yo pou Kominote OSM

Jean Bully PROPHETE jeanbully at gmail.com
Mar 2 Déc 15:34:14 UTC 2014


Bonjou Delphine ;
      Mwen kontan pou bel travay ki fèt pou remete katografi ak OSM nan an
mach anko nan Haiti Communautaire (HC).
Mwen pwofite reponn pozitif pou ede ak patisipe men reyinyon ak fomasyon
kap posib nan HC,men mwen vle di nou tou ke mwen rete Okap kounya sa vle di
fok gen sa pral mande yon ti pale anplis pou konnen kilè nap fè sa.
     Men apre sa mwen felisite Xavier ki ap travay pou OSM rete vivan an
Ayiti.

                Felisitasyon Delph.
On Dec 2, 2014 9:58 AM, "Delphine Bedu" <delphine.bedu at gmail.com> wrote:

> Bonjou tout moun,
>
>
>
> Mwen ta renmen anonse ke espas Haiti Communitere an kounye a ouvè pou tout
> kominote OSM e kontribitè OSM.
>
> Haiti Communitere (HC) se yon espas ki sitye nan Pòtoprens, Clercine 4, ki
> la pou fasilite patenarya. Li se yon espas  ki net e ki la pou tout
> kominote ki travay nan avansman Ayiti – Nou gen yon ti atelye zouti, yon
> espas pou reyinyon, yon ti sal odinatè ak akse entènèt epi anpil koneksyon
> ak òganizasyon ki travay nan ayiti.
>
>
>
> Kounye a nou gen kek materyel ki disponib pou moun ki fe pratik nan OSM:
> Kek odinatè e kek GPS.
>
>
>
> Pandan mwa desanm n’ap lanse yon inisyativ pou fek espas l’ap vini plis
> itil pou kominote OSM.
>
>
>
> Gen dè aspe pou inisyativ sa:
>
>
>
> *Yon atelye teknik:*
>
> Nou deja pwograme 2 kou inisyasion  ak 2 kominote ki vle itilize OSM pou
> katografye inisyativ ki pozitiv nan zon yo.
>
> Si ou enterese pou óganize yon kou teknik nan nenpòt ki nivo pa ezite fe
> nou konnen (xapitoun at gmail.com oswa delphine at communitere.org).
>
>
>
> *Yon atelye óganizasyonel* pou mene yon refleksyon sou fiti OSM nan Ayiti e
> pataje eksperians nou te gen pouk nou toujou avanse. Dat rankont: 5, 6 e 7
> desanm nan Haiti Communitere (19 rue pélican, Clercine 4 an fas Jedco, Port
> au Prince).
>
> Tout moun ki enterese pou avansman e óganizasyon OSM nan Ayiti yo envite.
>
> Ou ka wè ajanda sou lyen sa:
>
> https://hackpad.com/OSM-Ayiti-Atelye-Oganizasyonel-e-Teknik-EgE1JCqSkbJ
>
> Nou ka ajoute komantè si gen bagay ki poko sou ajenda nou.
>
> Pou tout kesyon o sijesyon, rele'm: voye'm yon
> imel:delphine at communitere.org
>
>
>
> Mesi!
>
>
> Delphine
> _______________________________________________
> Talk-ht mailing list
> Talk-ht at openstreetmap.org
> https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
> Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com)
> pour traduire les messages.


Plus d'informations sur la liste de diffusion Talk-ht